Ezekiel 18:26
Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'.
Cross References
Leviticus 6:7Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.
Ezekiel 3:20Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
Ezekiel 18:24Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
Colossians 1:23Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.