Leviticus 6:7
Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:
Cross References
Exodus 34:7L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Leviticus 4:20Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
Leviticus 4:31Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 5:13Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.
Leviticus 5:18L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Ezekiel 18:21Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.