Ezekiel 21:14
Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.
Bib La
In The King James Version
In Context
13N'ap sonde pèp la. Si yo derefize chanje, tout bagay sa yo ap rive vre! Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Cross References
Leviticus 26:21Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.
Numbers 24:10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.
1 Kings 22:25Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!
2 Kings 24:10Se sou reny li lame Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.
Jeremiah 47:7Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale.
Ezekiel 8:12Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a!