The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 47 › Jeremiah 47:7

Jeremiah 47:7

Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale.

Bib La

In The King James Version

How can it be quiet, seeing the LORD hath given it a charge against Ashkelon, and against the sea shore? there hath he appointed it.

In Context

6Adye! Kilè nepe Seyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!

Read all of Jeremiah 47

Cross References

1 Samuel 15:3Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.

Isaiah 13:3Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.

Isaiah 45:1Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:

Ezekiel 14:17Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.

Ezekiel 21:14Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.

Amos 3:6Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz?

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 47:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 47:6Jeremiah 47