1 Kings 22:25
Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:30Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
Isaiah 9:14Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti.
Jeremiah 28:16Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a!
Jeremiah 29:32Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.
2 Peter 2:1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.