Ezekiel 29:11
p'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.
Isaiah 23:17Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.
Jeremiah 29:10Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.
Ezekiel 30:10Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la.
Ezekiel 32:13M'ap touye tout bèt nou yo bò dlo a. p'ap rete yon grenn moun ni yon sèl bèt pou sal dlo yo ankò.
Ezekiel 36:28Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.