Ezekiel 38:15
W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 38:4M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.
Ezekiel 39:2M'ap fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou soti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo.
Joel 3:2Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.
Zechariah 12:2Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l' yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou.
Revelation 16:14Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.
Revelation 20:8Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè.