The Bible Software
bible.software › Joel › Joel 3 › Joel 3:2

Joel 3:2

Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.

Bib La

In The King James Version

I will also gather all nations, and will bring them down into the valley of Jehoshaphat, and will plead with them there for my people and for my heritage Israel, whom they have scattered among the nations, and parted my land.

In Context

1Seyè a di ankò: -Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.

3Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.

Read all of Joel 3

Cross References

2 Chronicles 20:26Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.

Jeremiah 12:14Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.

Jeremiah 49:1Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?

Ezekiel 35:10Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.

Ezekiel 38:22M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.

Joel 3:12Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joel 3:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joel 3:1Joel 3Joel 3:3 →