The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 39 › Ezekiel 39:18

Ezekiel 39:18

Y'a manje vyann vanyan sòlda yo, y'a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak towo chatre byen gra peyi Bazan yo touye pou mwen.

Bib La

In The King James Version

Ye shall eat the flesh of the mighty, and drink the blood of the princes of the earth, of rams, of lambs, and of goats, of bullocks, all of them fatlings of Bashan.

In Context

17Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.

19Lè m'a fin touye tout moun sa yo tankou lè y'ap fè ofrann bèt pou mwen, zwezo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y'a bwè san jouk yo sou.

Read all of Ezekiel 39

Cross References

Deuteronomy 32:14Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.

Psalms 68:30(068:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!

Isaiah 34:7Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès.

Jeremiah 50:27Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!

Ezekiel 29:5Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.

Ezekiel 34:17Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 39:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 39:17Ezekiel 39Ezekiel 39:19 →