Ezekiel 39:24
Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:24mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.
2 Kings 17:7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.
Isaiah 3:11Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.
Isaiah 59:17Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo.
Jeremiah 2:19Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Jeremiah 5:25Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.