Isaiah 59:17
Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 29:14Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.
Psalms 94:1Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.
Isaiah 11:5L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Isaiah 51:9Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?
Isaiah 63:15Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!
John 2:17Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.