Ezekiel 39:25
Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 27:12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
Jeremiah 3:18Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.
Jeremiah 29:14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 30:10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
Jeremiah 31:1Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
Jeremiah 32:37Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.