Ezekiel 48:13
Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:19N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
Deuteronomy 12:19Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.
Ezekiel 45:5Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete.