Ezra 10:1
Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
Judges 2:4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
1 Kings 9:3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
2 Chronicles 20:13Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
Nehemiah 10:28Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann,