Ezra 10:2
Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.
Ezra 2:31Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat (01.254) moun.
Ezra 9:1Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.
Ezra 10:26Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija.
Nehemiah 7:12nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (01254) moun,
Nehemiah 13:27Koulye a nou ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medam ki moun lòt nasyon?