The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 10 › Ezra 10:3

Ezra 10:3

Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.

Bib La

In The King James Version

Now therefore let us make a covenant with our God to put away all the wives, and such as are born of them, according to the counsel of my lord, and of those that tremble at the commandment of our God; and let it be done according to the law.

In Context

2Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la.

4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!

Read all of Ezra 10

Cross References

Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.

Joshua 9:6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non!

2 Kings 11:17Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.

2 Chronicles 30:12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.

2 Chronicles 34:27Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.

2 Chronicles 34:32Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 10:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 10:2Ezra 10Ezra 10:4 →