Ezra 10:5
Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!
Cross References
Nehemiah 5:12Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la.
Nehemiah 13:25Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Proverbs 25:11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
Matthew 26:63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?