Ezra 3:1
Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.
Leviticus 23:27-Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a.
Deuteronomy 16:16Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.
Nehemiah 7:72Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (05.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (046.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
Nehemiah 8:1Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.
Zephaniah 3:9Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'.