Leviticus 23:27
-Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Seyè a pale ak Moyiz, li di l':
Cross References
Leviticus 16:11Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.
Leviticus 16:16Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.
Numbers 29:7Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay.
Psalms 35:13Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
Daniel 10:2Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.