Nehemiah 8:1
Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 9:5Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.
Judges 20:1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.
2 Kings 23:2Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.
Ezra 3:1Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm.
Ezra 7:6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.
Nehemiah 3:26moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)