Ezra 3:11
Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:21Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
Joshua 6:10Men, Jozye te bay pèp la lòd pou yo pa t' pouse ankenn rèl jan yo te konn fè l' la lè y'ap goumen. Se pou yo tout rete bouch fèmen, san di yon mo, jouk lè l'a ba yo lòd pouse rèl goumen an.
1 Chronicles 16:34Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.
2 Chronicles 7:3Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
Nehemiah 12:40Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,
Psalms 47:1(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!