Ezra 3:13
Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 2:5Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la.
1 Kings 1:40Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.
Nehemiah 12:43Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.
Psalms 100:1Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
Zechariah 4:7Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!