Numbers 4:3
Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.
Cross References
Numbers 1:3N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.
Numbers 3:7Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.
Numbers 4:30W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
Numbers 4:47Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lè y'ap deplase.
Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
1 Chronicles 6:48Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a.