The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 5 › Ezra 5:11

Ezra 5:11

Men sa yo reponn nou: Yo menm, se sèvitè Bondye ki kreye syèl la ak latè a yo ye. Y'ap rebati yon tanp yon gran wa peyi Izrayèl la te bati nan tan lontan kite pou yo.

Bib La

In The King James Version

And thus they returned us answer, saying, We are the servants of the God of heaven and earth, and build the house that was builded these many years ago, which a great king of Israel builded and set up.

In Context

10Nou te mande yo tou pou yo ban nou non yo pou n' te ka fè ou konnen ki chèf ki te alatèt moun sa yo.

12Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nèbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn.

Read all of Ezra 5

Cross References

Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

1 Kings 9:10Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a.

Psalms 119:46M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Jonah 1:9Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.

Luke 12:8M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.

Romans 1:16Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 5:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 5:10Ezra 5Ezra 5:12 →