2 Chronicles 36:18
Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
2 Chronicles 36:7Nebikadneza pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Seyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l'.
Isaiah 39:6Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 27:19Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou.
Jeremiah 52:17Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.
Daniel 5:3Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo.