The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 6 › Ezra 6:8

Ezra 6:8

Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete.

Bib La

In The King James Version

Moreover I make a decree what ye shall do to the elders of these Jews for the building of this house of God: that of the king’s goods, even of the tribute beyond the river, forthwith expenses be given unto these men, that they be not hindered.

In Context

7Kite yo travay nan tanp Bondye a. Se pou gouvènè pèyi Jida a ak chèf fanmi yo rebati tanp lan sou menm anplasman kote l' te ye anvan an.

9N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa.

Read all of Ezra 6

Cross References

Ezra 4:20Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo.

Ezra 5:5Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.

Ezra 6:14Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.

Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.

Psalms 68:29(068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 6:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 6:7Ezra 6Ezra 6:9 →