The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 7 › Hebrews 7:27

Hebrews 7:27

Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.

Bib La

In The King James Version

Who needeth not daily, as those high priests, to offer up sacrifice, first for his own sins, and then for the people’s: for this he did once, when he offered up himself.

In Context

26Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.

28Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

Read all of Hebrews 7

Cross References

Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.

Leviticus 16:6Arawon va ofri ti towo bèf la pou yo touye l' pou wete peche l' yo ak peche fanmi l' yo. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l'.

Leviticus 16:15Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.

Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.

Ephesians 2:22Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.

Titus 2:14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 7:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 7:26Hebrews 7Hebrews 7:28 →