The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 6 › Ezra 6:5

Ezra 6:5

Konsa tou, y'a renmèt yo tout veso an lò ak an ajan Nèbikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm pou l' te pote isit lavil Babilòn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm.

Bib La

In The King James Version

And also let the golden and silver vessels of the house of God, which Nebuchadnezzar took forth out of the temple which is at Jerusalem, and brought unto Babylon, be restored, and brought again unto the temple which is at Jerusalem, every one to his place, and place them in the house of God.

In Context

4Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.

6Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò tanp lan.

Read all of Ezra 6

Cross References

2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.

2 Chronicles 36:6Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn.

2 Chronicles 36:18Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn.

Ezra 5:14Yo di ankò: Nèbikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a.

Jeremiah 27:18Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn.

Daniel 1:2Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 6:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 6:4Ezra 6Ezra 6:6 →