Ezra 6:9
N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.
Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 9:2Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a.
Numbers 28:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Psalms 50:9Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Mark 9:49Paske, tout moun ap sale ak dife.