Ezra 7:9
Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la.
Cross References
Ezra 7:6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.
Ezra 8:18Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.
Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.
Psalms 80:18(080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!