The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 8 › Ezra 8:18

Ezra 8:18

Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.

Bib La

In The King James Version

And by the good hand of our God upon us they brought us a man of understanding, of the sons of Mahli, the son of Levi, the son of Israel; and Sherebiah, with his sons and his brethren, eighteen;

In Context

17Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.

19Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.

Read all of Ezra 8

Cross References

Numbers 3:20Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo.

1 Chronicles 6:4Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,

Ezra 7:6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.

Ezra 7:28Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

Ezra 8:22Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.

Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 8:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 8:17Ezra 8Ezra 8:19 →