Nehemiah 2:8
Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 5:5Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.
Ezra 6:22Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.
Ezra 7:9Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye.
Nehemiah 2:17Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
Nehemiah 3:1Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.