The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 8 › Ezra 8:21

Ezra 8:21

Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

Bib La

In The King James Version

Then I proclaimed a fast there, at the river of Ahava, that we might afflict ourselves before our God, to seek of him a right way for us, and for our little ones, and for all our substance.

In Context

20Te gen tou desanven (0220) travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.

22Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.

Read all of Ezra 8

Cross References

Leviticus 16:31Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a.

Numbers 14:3Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?

Judges 20:26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.

2 Chronicles 20:3Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.

Ezra 8:15Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.

Nehemiah 9:1Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 8:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 8:20Ezra 8Ezra 8:22 →