The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 8 › Ezra 8:28

Ezra 8:28

Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Seyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Seyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo.

Bib La

In The King James Version

And I said unto them, Ye are holy unto the LORD; the vessels are holy also; and the silver and the gold are a freewill offering unto the LORD God of your fathers.

In Context

27ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis (0270) ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo.

29Nou reskonsab yo jouk n'a rive nan tanp lan lavil Jerizalèm. Rive la, nan chanm prèt yo ki nan tanp Bondye a, n'a peze yo ankò devan chèf prèt yo ak chèf moun Levi yo, devan chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, epi n'a renmèt yo li.

Read all of Ezra 8

Cross References

Leviticus 21:6Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.

Numbers 4:4Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.

Numbers 7:13Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.

Deuteronomy 33:8Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.

1 Chronicles 23:28Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.

2 Chronicles 24:14Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 8:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 8:27Ezra 8Ezra 8:29 →