The Bible Software
bible.software › 1 Chronicles › 1 Chronicles 23 › 1 Chronicles 23:28

1 Chronicles 23:28

Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.

Bib La

In The King James Version

Because their office was to wait on the sons of Aaron for the service of the house of the LORD, in the courts, and in the chambers, and in the purifying of all holy things, and the work of the service of the house of God;

In Context

27Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.

29Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.

Read all of 1 Chronicles 23

Cross References

1 Kings 6:5Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè.

1 Chronicles 18:17Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a.

1 Chronicles 28:13David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan.

2 Chronicles 23:6Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a.

2 Chronicles 29:18Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

2 Chronicles 35:3Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Chronicles 23:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Chronicles 23:271 Chronicles 231 Chronicles 23:29 →