Ezra 8:35
Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye pèp Izrayèl la. Yo ofri douz towo pou tout pèp Izrayèl la, katrevensèz belye mouton, swasanndisèt ti mouton ak douz bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche yo. Yo boule tout bèt sa yo nèt nan dife pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:1Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:
2 Chronicles 29:31Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.
Ezra 6:17Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.
Psalms 66:15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
Luke 1:74Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.