Lik 1:74
Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
73Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.
75Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
Cross References
2 Kings 17:39Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 65:21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.
Ezekiel 39:28Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.
Zechariah 9:8Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.
Romans 6:22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.