Galatians 3:2
Mwen ta renmen nou reponn yon sèl ti keksyon sa a ban mwen: Eske se paske nou te fè tou sa lalwa a te mande kifè nou te resevwa Lespri Bondye a, osinon èske se paske nou te tande bon nouvèl la?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 2:38Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Acts 10:44Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la.
Acts 15:8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.
Romans 1:17Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.
1 Corinthians 12:7Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.
Galatians 3:5Lè Bondye ban nou Lespri l', lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, èske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande bon nouvèl la?