Genesis 1:2
Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
3Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.
Cross References
Job 26:14Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Psalms 33:6Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
Psalms 104:30Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.
Isaiah 45:18Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.
Nahum 2:10Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.