Nahum 2:10
Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:2Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
Psalms 22:14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Isaiah 13:19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
Isaiah 21:3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.
Isaiah 34:10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
Jeremiah 30:6Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.