Genesis 1:7
Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.
8Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.
Cross References
Genesis 1:11Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.
Genesis 1:24Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.
Job 38:8Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?
Psalms 104:10Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.
Psalms 148:4Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Ecclesiastes 11:3Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.