Genesis 12:6
Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:18Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.
Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
Genesis 34:2Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.
Genesis 35:4Se konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tout sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan.
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Judges 7:1Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.