Judges 7:1
Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
Joshua 3:1Jozye leve granmaten, epi li menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la yo kite Sitim kote yo te ye a, yo rive devan larivyè Jouden an. Epi yo pase nwit lan la anvan yo janbe lòt bò a.
Judges 6:32Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.
1 Samuel 29:1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.