Genesis 16:10
Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
Cross References
Genesis 17:20Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
Genesis 21:16li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
Genesis 22:15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
Genesis 31:11Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi.
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
Judges 2:1Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.