Genesis 16:11
Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.
Cross References
Genesis 21:17Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
Genesis 41:51Jozèf rele premye a Manase paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m' yo.
Exodus 3:7Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.
1 Samuel 1:20Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l' akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l' Samyèl, paske li te di: Mwen te mande Seyè a li.
Psalms 22:24(022:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
Matthew 1:21Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.