Genesis 16:2
Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:12Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.
Genesis 11:30Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.
Genesis 18:10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
Genesis 25:21Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.
Genesis 30:3Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou.
Genesis 30:9Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.