Genesis 25:21
Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 11:30Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.
Genesis 16:2Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
Genesis 30:22Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit.
1 Samuel 1:11Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
Ezra 8:23Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.