Leviticus 18:29
Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:15Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
Leviticus 7:20Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
Malachi 2:12Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Seyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Seyè ki gen tout pouvwa a pou yo.