Genesis 17:21
Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.
Cross References
Genesis 18:10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
Genesis 21:2Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.
Genesis 26:2Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Luke 1:55pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.