Genesis 18:8
Apre sa, li pran fwomaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la.
Cross References
Genesis 19:3Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje.
Judges 5:25Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.
Nehemiah 12:44Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.
Luke 17:8Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwè.
Luke 24:43Li pran l', li manje l' devan je yo.
Acts 10:41Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò.